(Kreyòl) Depi ke yo anonse yo pral leve moratwa sou Ayiti ak Zimbabwe: plis ke 3500 moun riske fè fas pwochennman a depòtasyon

assemblyimageAnnou kole tèt ansanm nan yon kokennchenn rasanbleman
Depi ke yo anonse yo pral leve moratwa sou Ayiti ak Zimbabwe: plis ke 3500 moun riske fè fas pwochennman a depòtasyon
Sispann depòtasyon yo! Regilarize sitiyasyon legal tout moun!
Samdi 31 janvye, depi 3zè jiska 7tè nan aswè
nan Biwo Kominote AyisyÈn nan (BCHM)
6970, rue Marquette (akote metwo Fabre la)
Depi ke yo anonse yo pral leve moratwa sou Ayiti ak Zimbabwe: plis ke 3500 moun riske fè fas pwochennman a depòtasyon.
Sa vle di ke yo ka resevwa avi gouvènman federal la ki mande pou yo kite peyi a.
Reyinyon pou diskite de kouman nou pral òganize nou pou sispann sitiyasyon sa a.

Annou òganize nan tèt ansanm pou reziste ekspilsyon manb kominote nou yo!

epi ap gen moun pou anmize timoun yo pandan reyinyon an
ap gen tradiksyon disponib (ant Kreyòl, Franse, Angle)
epi ap gen manje ak bweson pou moun ki vini yo
-> Deklarasyon Piblik konsènan nan fen moratoryom a sou depòtasyon an Ayiti e Zimbabwe pa Solidarite San Fwontyè (an Franse):
www.solidarityacrossborders.org/fr/solidarity-across-borders-statement-on-possible-deportation-of-thousands-of-community-members-to-haiti-zimbabwe

Sa se yon apèl Solidarite San Fwontyè (Solidarité sans frontières / Solidarity Across Borders) ak alye li yo
enfòmasyon: www.solidaritesansfrontieres.org
solidaritesansfrontieres@gmail.com – 438-933-7654